Popilasyon Menaj 4è seksyon Rivyèba denonse 3 gwo bandi yo di kap simaye latwoublay nan lokalite a.

804


06 – 26 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon 4èm seksyon Menaj denonse 3 gwo bandi yo di kap simen latwoublaj nan mitan popilasyon an.

Verdieu Estil, Fayo Estil ak Mizè Estil se non 3 frè ki achte zòn Menaj lajan kontan. Yè aprè midi ki te 25 jen 2024 la, Verdieu Estil kraze ak kout zam yon rankont kòmandan Dieufort Etienne tap fèt nan seksyon an, se pa premye fwa nèg sa yo poze move zak sila; anpwazone sous dlo, bay moun pwazon, agrese moun ak zam afe jan yo vle. Antouka, yè aprèmidi madi 25 jen an, se bon pye Estil Vilnor ki sove l anba kout zam malfwa yo rele Verdieu Estil.

Popilasyon Menaj la ap mande konkou otorite yo nan komin Senlwidinò ak depatman Nòdwès la, pou ede yo fè fas kare ak gwoup bandi sa ki tounen pou mete tout moun nan kouri ankò.

Comments are closed.