Pati Politik “La voix de l’espérance d’Haïti” mande gouvènman an pou desantralize pouvwa a

808


06 – 26 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Responsable pati politik “La voix de l’espérance d’Haïti” (LAVEH) mande premye Minis Garry Conille pou desantralize pouvwa a pou yon pi bon gouvènans. Pouvwa dwe sispann konsantre nan Pòtoprens pandan tout peyia ap soufri, daprè responsab LAVEH yo.

Peyia ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil, pwoblèm ensekirite a se youn nan pi gwo chantye gouvènman genyen devan-l. Li plis ke ijan pou gen entèvansyon ki fèt sou sa. LAVEH salye divès mezi PM lan kòmanse pran, men pou gouvènman defakto arive sou tout moun, li dwe travay nan tèt kole ak kolektivite tèritoryal yo.

Ensekirite, lavi chè, mizè se sa yo kap taye banda. LAVEH mande gouvènman pou panche rapid vit sou gran aks ki bloke divès depatman ki koz pèp la ap viv yon vi mizerab.

Comments are closed.