Moun Mibalè enskri Ti Junior, yon prezime bandi nan program bwa kale a

913


06 – 25 – 2024

Mibalè, Ayiti _____(TRiboLAND) Ti Junior ensikoni se non yon prezime bandi moun Mibalè bay bwa kale jounen madi 25 jen 2024 la. Daprè divès detay, moun yo kenbe Ti Junior nan yon bis ki tap soti Pòtoprens, pandan machinn nan tap pase Mibalè bis la anpàn epi yo mete men sou li.

Avan menm Ti Junior pran bwa kale, moun yo fè li pa. Ti Junior se yon manm aktif baz Kanaan ki nan tèt li chèf gang sangwen Jeff; li te santi bagay yo vle chavire nan baz la, li tap chèche chape poul li.

Moun Mibalè pa deside pran konje nan bay malfwa ki abitye teworize popilasyon an bwa kale. nan moman moun yo tap enskri Ti Junior nan program bwa kale a; yo pwofite voye yon sinyal klè bay tout lòt zòn nan peyia, pou yon veye malfwa kap chèche sove Pòtoprens pou vin kache nan zòn pwovens yo. ‎

Comments are closed.