Yon prezime asasen mache pòs li e plizyè lòt blese anba bal Komisè Muscadin

765


06 – 16 – 2024

Senlwidisid, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè Jean Ernest Muscadin pa chome, maten dimanch 16 jen 2024 la, li kraze yon group asasen ki bati katye jeneral yo nan Mòn Zoranje ki trouve-l nan komin Senlwidisid. Yon endividi mòtèlman blese, plizyè lòt pran bal.

Komisè Muscadin ki te sou wout la pou rantre Okay fè fas ak group asasen sa ki toujou ap ransone moun nan zòn la, moute sou zo grann yo vè 3è di maten.

Kèlkeswa nan jiridiksyon pal, ou nan lòt, komisè Nip la pa janm chome. Li toujou mete popilasyon an nan plis konfyans tout kote li pase. Si nap pale de chèf nan peyi Dayiti, toujou gen anpil bemòl; men chak fwa yon moun rive sou non CG Jean Ernest Muscadin se ak anpil fyète moun yo ap pale de li.

Comments are closed.