Yon niyèm pastè tonbe anba bal group gang sangwen Tibwadòm nan Tènèv

933

06 – 16 – 2024

Tènèv, Ayiti______(TRiboLAND) Sèktè pwotestan an pa sispann pran kou anba men gang sangwen. TRiboLAND aprann avèk anpil konstènasyon asasina pastè Pascal Célédon nan Tènèv kote ke gang sangwen Tibwadòm ap fè masak balewouze depi plizyè jou.

Pastè Célèdon, se pami yon katafal sitwayen ki mouri anba laterè group gang kriminèl yo. Entèg, youn nan moun ki te genyen yon vi egzanplè, daprè temwanyàj ki soti anndan kominote li tap sèvi a. Li te dirèktè lekòl Béthel la e titilè Legliz Bethel egalman.

Ke nanm pastè Pascal Célédon ak tout lòt viktim yo repoze nan trankilite e ke li vizite sa yo ki presipite lanmò li e mete dlo nan je yon latriye lòt fanmiy nan doulè senti mare. Ankò se yon lòt gwo kou pou kominote eklesyastik la.

Comments are closed.