Tigwav : Makendia Toussaint touye papa pitit li, Kervens Bonheur ak plizyè kout kouto nan do

930

06 – 16 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Makendia Toussaint 17 lane, touye papa pitit li, Kervens Bonheur 24 lane aprèmidi dimanch 16 jen 2024 la nan. Aksyon sa a, pase nan yon lokalite ki rele Bòn Sòlda tou prè vil Tigwav.

Selon sa kèk vwazinaj nan zòn nan rapòte bay lapwès, mesye dam sa yo te nan gwo diskisyon lakay yo, pou kesyon jalouzi ki dapwè sa yo di, Ti demwazèl la, ta sanble genyen yon lòt Ti Boubout sou kote.

Nap siyale, pa genyen okenn arestasyon ki fèt, paske prezime asasen an, Makendia Toussaint gentan rive chape poul li, pandan vwazinaj yo esplike, se pa pou premye fwa 2 mesye dam sa yo, nan chire pit antre yo, pou jalouzi amoure amourèz.

Comments are closed.