Fondasyon TRiboLAND kontinye seri pelerinaj fòmasyon gratis li yo jis nan Kapotiy pou al remèt sètifika bay plizyè jèn fanm ak jèn gason.

919

06 – 16 – 2024

Kapotiy, Ayiti____(TRiboLAND) Sòti nan komin Wanament, pase nan komin Karis, tonbe nan Valyè, pran Monben Kwochi, pou rive jwenn komin Kapotiy, san nou pa site divès lòt zòn ki deja touche yo, Fondasyon TRiboLAND deside kontinye ak pelerinaj fòmasyon gratis li yo pou touche tout depatman Nòdès la.

Nan yon seremoni ki te dewoule byen bonè jounen dimanch 16 jen 2024 la an prezans divès gwo potanta kominotè, ekip TRiboLAND nan depatman Nòdès peyi Dayiti rive desène plis pase 52 sètifika patisipasyon bay plizyè jèn fanm ak jèn gason.

Patisipan yo dapwè Ing Louenddy Jean ak tout rès ekip TRiboLAND lan, te sòti nan tout ti kwen nan komin Kapotiy pou te vin asiste ak yon seyans fòmasyon gratis sou serigrafi ki te dewoule sòti nan dat 8 pou rive 9 jen ki sot pase a.

Detèmine pou pouswiv kanpay fòmasyon pwofesyonèl lan tout vre, PDG Louis Louissaint ki gen ti non jwèt li Papa Loulou, sèmante sèt fwa swasant disèt fwa, l’ap moribon fenomèn delenkans jivenil lan pandan lap mete yon baton fòmasyon manyèl nan men chak jèn pou kanpe goumen kont move lavi. ‎

Comments are closed.