Gwoup gang Tibwadòm nan fè yon lòt masak sou popilasyon an nan komin Tènèv.

793


06 – 15 – 2024

Tènèv, Ayiti____(TRiboLAND) Sòti nan lanwit 14 pou leve jounen samdi 15 jen 2024 la, gwoup gang sangwen k’ap opere nan zòn Tibwadòm anvayi komin Tènèv nan depatman Latibonit epi fè yon masak andyable sou popilasyon an.

Dapwè enfòmasyon jounalis Georges Abel rapòte sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, gang sangwen yo touye anviwon 8 moun, plizyè dizèn lòt moun blese, san konte yon latriye lòt yo kidnape nan 3èm seksyon Lagon, komin Tènèv.

Nan moman n’ap pale la popilasyon ozabwa, se laterè nan tout rejyon an, pèsòn pa konn ki sen pou yo rele. Se yon veritab dram yo. N’ap raplew, jiskaprezan oken jij Depè nan komin nan pa fè santi prezans yo.

Comments are closed.