Yon pitit gason Jounalis vedèt emisyon “Matin Debat”, Louko Désir touye tèt li

952

06 – 14 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Louko Stephan Désir, se non pitit gason jounalis vedèt emisyon “Matin Debat”, Luckner Désir alyas Louko ki, avèk anspil emosyon e konstènasyon anonse odyans li yo sou Radio Télé Éclair, lanmò jèn gason an ki mete fen nan vi li aprè ke li deside lage kò li sou yon ray tren matin jodi vandredi 14 jen 2024 la.

Nouvèl dram sila ta pral lage yon gwo kout dlo fwèt sou odyans lan, alòske Luckner Désir pat kapak kenbe dlo nan je li e tap rabat pou jwen mo esplikatif sou fason kè li anvayi, terase, devaste, e bazoudi ak tristès.

Jounalis Louko Désir, nan moman trajik sila, pa sispann jwen yon katafal sipò ak kondoleyans fanatik tout koulè kap sòti nan diferan rejyon nan monn lan. Se yon gwo kou pou Louko, fanmiy li, staff emisyon “Matin Debat” ak tout odyans matinal la. Ke nanm defen an repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.