Yon mapou nan mizik ayisyèn nan tonbe nan Nòdwès

885


06 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Mayestwo Jean Robert Augustin, yon pwofesyonèl saksofonis byen koni nan depatman Nòdwès la, mouri jodi vandredi 14 jen 2024 la nan vil Pòdpè.

Mayestwo Jean Robert Augustin pase de prezantasyon an prezantasyon; pale sou tout sa mesye Augustin fè nan mizik la, se pale egalman ki sa yon saksofonis kapab fè avèk yon saksofonn. An gwo mesye Augustin sinonim saksofonn, dapwè sa yon zanmi ki pwòch defen an esplike. Li t’ap pwodwi depi li te jèn gason e kontinye kontribye nan fòme divès jenerasyon.


Mayestwo Jean Robert Augustin te konsidere kòm youn nan meyè saksofonis depatman Nòdwès konnen. Nan jou sa yo, pat pote’l twò byen daprè enfo sal redaksyon TRiboLAND jwenn; sòti nan klinik COHASA pou al Lapwent; finalman li pat kapab reziste ak sekous maladi a.

Mayestwo Jean Robert Augustin ap toujou rete grave nan memwa melomàn yo pou akonpaye ak konstriksyon li te konn bay nan mizik la. Ale an pè Mayestwo!

Comments are closed.