Rameau Normil, yon lòt fwa ankò rekondwi kòm nouvo direktè polis nasyonal Dayiti.

918


06-14-2024


Pòtoprens Ayiti ___(TRiboLAND) Rameau Normil, se nouvo direktè polis nasyonal Dayiti, li ranplase direktè jeneral sòtan an, Frantz Elbé nan pòs sila a.

Rameau ki se deja yon ansyen direktè jeneral polis nasyonal Dayiti a, te trouve li nan Washington; sepandan, li aktyèlman nan peyi Dayiti pou ranpli fonsyon li kòm nouvo Alatèt Polis Nasyonal la yon lòt fwa ankò.

Konsèy prezidansyèl Tranzisyon ak premye minis Gary Conille deside nome epi ranplase Frantz Elbé nan pòs sa a, ki trè kritike nan tèt enstitisyon polisyè a, daprè sa Radio Métronome rapòte sou plaj li.

Pou anpil obsèvatè, Rameau Nòrmil se yon “déjà vu”! Konsa, lapolis la ta sanble soufwi “karans konpetans”. Li enpòtan pou nou fè’w konnen, pou pipiti genyen 120 polisye ki mouri nan kad fonksyon yo, sou administrasyon Frantz Elbé a, selon RNDDH.

Comments are closed.