Konsèy sekirite depatman Sidès la reyaji aprè ensidan ki deklenntche ant Direktè depatmantal Polis la, ak ajan UDMO yo

817


06 – 13 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou Laprès, Konsèy Sekirite Depatmantal Sidès la, ki genyen DDS PNH la, Delege depatmantal la, majistra komin Jakmèl la bay jounen mèkredi 12 jen 2024 la, yo mande popilasyon an gade kalm yo yon fason pou evite plis derapaj.

Nan kad entèvansyon Delege depatmantal Sidès la, M Jude Pierre Michel Lafontant, li drese yon seri reyalite pou montre divès efò Direktè depatmantal PNH Sidès la toujou fè pou rann travay Polisye yo aksesib, malgre tout difikilte. Li kontinye pou di, li konprann se fwistrasyon ki fè ajan UDMO yo aji konsa. Se nan tout peyia polisye yo ap viv yon seri difikilte, men responsablite yo mete sou Direktè a parèt egzajere.

Delege kontinye pou di, li deplore konpòtman ak reyaksyon ajan UDMO yo anvè Direktè a. Delege a fini pou mande divès manm nan popilasyon an ki te foule beton pou mande yo gade kalm yo jiskaske Wo Direksyon PNH la tranche. Se pa sèlman PNH ki pap fonksyone, se tout Direksyon yo kap konnen menm sò yo paske tout bagay konsantre Pòtoprens.

Nan absans Direktè Allande Serge Jolicoeur, se Direktè adjwen an, Jean Gabriel Gabarit ki asire enterima. Nap raple Direktè depatmantal la kite pòs li oubyen ap dirije a distans sou presyon ajan UDMO yo.

Comments are closed.