Ansyen Senatè Nòdwès la voye jete byen lwen video bwa kale ki ta fè kwè se li menm ayisyen yo agrese fizikman nan peyi Etazini an.

1,092


06 – 13 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Ansyen Senatè depatman Nòdwès la, Dr. Evalière Beaublan voye jete byen lwen tout enfòmasyon ki ta fè kwè se li menm ayisyen yo ap maltrete nan peyi Etazini nan yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo.

Tout fwa, ansyen Senatè Nòdwès la pa bay okenn esplikasyon sou videyo k’ap sikile sou rezo sosyal yo apre match amikal Brezil vs Etazini an, nan peyi Etazini.

N’ap raplew atravè ti bout videyo sa, moun ke yo ta sanble vle fè pase pou ansyen Senatè Evalière Beaublan, te akonpanye yon pitit li kote plizyè ayisyen ki te match la, t’ap rele li vòlò, vòlò, se yo menm ki kraze peyi a vin bwè bon dlo nan peyi blan Meriken.

Enfòmasyon ke TRiboLAND arive rekeyi bò kote 2 sous ki trè rapwoche ak baz ansyen senatè Évalière Beauplan, ta konfime ke se yon video ki tou senpleman pa gen anyen pou wè avèk ansyen senatè Nòdwès la. Se detraksyon ak divèsyon kap fèt, daprè sa ke zanmi baz la rapòt TRiboLAND.

Comments are closed.