Òganizasyon MOZALA Ayiti pote sipò yo bay nouvo premye minis Gary Conille.

800


06 – 12 – 2024


Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Mouvman Zansèt pou yon lòt Ayiti (MOZALA) nan yon konferans pou laprès madi 11 jen 2024 la, afiche piblikman sipò yo bay Premye Minis tranzisyon an, Gary Conille; yo di kap pran yon seri bòn desizyon nan enterè peyi a.

MOZALA deklare lap swiv avèk anpil atansyon nouvo PM Gary Conille ki limenm chwazi entegre jèn fanm ak jèn gason nan gouvènman lap dirije a; lè li deside redwi yon seri ministè pou evite gaspiyaj lajan leta; lè li chwazi tou pa rekondwi oken minis ki te fè pati gouvènman defakto ansyen premye minis Ariel Henry a.

Toutfwa, MOZALA presize, se pa yon chèk an blan yo siyen bay nouvo PM lan; ekip la ki bay PM nan 3 mwa pou debloke peyi a, komanse rezoud fenomèn ensekirite a, aseni pòtoprens epi pou rive òganize eleksyon onèt, kredib ak transparans.

Konsa, l’ap kapab rive dote peyi a, yon gouvènman lejitim pou mete kanpe doubout tout enstitisyon yo ki kraze plat atè.



Comments are closed.