Kòdonatè kazèk 6èm sekyon Lafag nan komin Senlwidinò drese yon tablo sonb pou seksyon an.

699


06 – 12 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Kòdonatè kazèk 6èm seksyon Lafag nan komin Senlwidinò, Joachin Tanissaint drese yon tablo sonb pou seksyon lap administre a, jounen mèkredi 12 jen 2024 la.

Kazèk Tanissaint ki tap prezante sitiyasyon 6èm seksyon, deklare depi plis pase 10 lane popilasyon an te livre bay rejim gang Erick Pwospè tap dirije kote zòn nan te tounen yon dezè pou grenn moun ki tap viv ladan. Menmsi chèf gang yo mouri men sa pat anpeche gen lòt rezo ki ka reboujonnen paske rasin yo pa koupe nèt.

Sitiyasyon sa lakòz moun yo kontinye ap sibi tout kalte move tretman. Kazèk Joachin fè konnen bandi 6èm ak 4èm seksyon Janklè te touye moun, boule tout kay moun yo epi mete yo deyò debwa balanse. Depi lè sa, yo pa janm genyen yon moun ki pou ede sitwayen yo.

Kazèk la presize tout jaden peyizan yo detwi akoz lapli ki pa tonbe. Bèt yo kòmanse ap mouri ak maladi. Li mande popilasyon an yon atasyon soutni pou lòt gwoup ki vle pran pye ankò nan seksyon an. Yon lòt kote lap Kazèk la mande responsab yo nan peyi a espesyalman nan depatman Nòdwès la, bay kout men pou anpeche malfwa grandi nan mitan popilasyon an.

Nap raple’w 6èm seksyon Lafag prive tout sèvis piblik yo, yon entèvansyon sanitè dijans tap enpòtan pou nou.



Comments are closed.