2 prezime bandi sangwen mouri nan echanj kout zam ak lapolis nan komin Gran Gwav.

805


06 – 11 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 2 prezime bandi mouri nan echanj kout zam ak lapolis, yon lòt arive chape poul li, nan Mòn Tapyon ozanviwon 3 zè aprè midi madi 11 jen 2024 la, nan 12èm seksyon kominal Tigwav.


Ennfòmasyon rapòte 2 prezime bandi sangwen yo, jwen lamò yo, aprè yo fin kase yon magazen Dijisèl nan vil Gran Gwav; osito ke lapolis te enfòme, li tap swiv yo soti depi komin Gran Gwav rive nan lokalite Tapyon nan Tigwav, e se la yo ta pral tonbe nan echanj kout zam ak lapolis; konsa, youn ladan yo ki ta sanble pa pran nan katouch, rive chape poul li.

Aprè konsta jij depè, Valenbrun Jasmin, lameri deside fè fouye twou bò wout nasyonal # 2 a, antere yo e swete yo bon travèse! Nap siyale, 2 endividi sa yo, pa moun nan rejyon gwavyèn nan.

Comments are closed.