Fondasyon TRiboLAND reyisi 2 jounen fòmasyon sou serigrafi nan komin Kapotiy

920

06 – 10 – 2024
Kapotiy, Ayiti ____(TRiboLAND) Anviwon yon 50 tèn jèn fanm ak gason nan komin Kapotiy, Nòdès peyi Dayiti, swiv 2 jounen fòmasyon sou aprantisaj serigrafi gras ak Fondasyon TRiboLAND, samdi 08 ak yè dimanch 09 jen 2024 la.

Sou leadership yon ekip solid, Enjenyè Louendy Jean ak madam Erlla Myrtil planifye e kolabore pou devlopman pèsonèl jèn Kapotiy yo. Yon parèy eksplwa, pwal pèmèt yon zouti ki pral ede yo rete lwen aktivite kriminèl e mete ranfòse ti mwayen ekonomik yo. Divès jèn patisipan yo pat kache santiman satisfaksyon yo, pou jan fòmatè Wilberto Charles te dispanse yon parèy aprantisaj.


Fondasyon TRiboLAND pa deside kanpe nan bay jèn yo fòmasyon nan tout kwen nan peyia Dayiti, san yo pa peye yon Goud Lesko. Fondasyon TRiboLAND ap kontinye motivasyon jèn yo pou simaye fòmasyon, yon fason pou konbat delenkans jivenil ak moutre jèn yo kòman pou yo peche.




Comments are closed.