Bandi sangwen manm kowalisyon “Viv Ansanm” touye plizyè polisye

805

06 – 09 – 2024

Dèlma, Ayiti ____(TRiboLAND) Chèf gang Dèlma a, Jimmy Cherizier anpil moun konnen sou non “Barbecue” e ki fè pati manm kowalisyon asosyasyon kriminèl la, “Viv Ansanm” asasinen 3 polisye ki fè pati “Unité Anti-Gangs” (UTAG) jodi dimanch 09 jen 2024 la.

Fermeture Emelin (30è), Piton Wilkens Jean Junior (31è) ak Clovis Peterson (32è) se non Polisye ki tonbe nan zòn Sanfil, Dèlma aprè bandi sangwen yo te tann yon anbiskad pou blende a.

Asasen yo mete dife sou blennde a ak tout Polisye yo, nan yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo, chèf gang sangwen an, Barbecue” pat sispann moute vwa li pou kreye viktwa.

Bandi sansal nan peyi-a pa sispann mete fòs lòd yo ajenou, pandan aktè politik pa gen tan nan batay atravè reyinyon adwat ak moso gato pouvwa agoch.

Comments are closed.