Nouvo Pwemye ayisyen an soufwi yon malèz malmakak e li nan sal dijans nan Petyonvil

912

06 – 08 – 2024

Selon yon sous fyàb TRiboLAND ka fè konfyans, nouvo PM Ayisyen an, Garry Conille fè yon malèz malmakak e li retrouve nan yon klinik prive nan komin Petyonvil,

Selon enfo TRiboLAND arive ratrape ta genyen anpil manèv ak bwas kap miltipliye pou evakye PM lan lòt bò fontyè pou plis entèvansyon medikal ke ka li nesesite. Se pandan, enfo yo ta fè konnen ke Dr. Gerald Gilles, manm konsèy pwezidansyèl la, nan moman lawouli te akonpanye PM Conille, ki koulya ta nan yon eta ki estab.

Deja kritik yo ta evoke posiblite sumenaj, sitou agenda kotidyen PM Garry Conille moute disèt otè.

Comments are closed.