Yon adolesan 12 lane disparèt nan vil Okap

830

06 – 04 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Aramenley Aristild se non yon adolesan 12 lane ki abite Site Chovèl nan 2è vil peyia, Kap-Ayisyen. Paran Aramenly li ap chèche li depi jounen lendi 3 jen 2024 la, vè midi kote li te entwouvab.

Fanmiy Aramenly ki genyen gwo enkyetid, pa konnen ki sen pou yo rele. Konsa, lanse yon kri detrès ak pote sekou  bò kote tout moun ki genyen bòn volonte; si tout fwa yo ta rankontre ti inosan an sou wout yo, alète fanmiy lan nan nimewo sa yo: 509 – 4259-1981 / 3659-6551 ‎

Comments are closed.