Yon epidemi fyèv ap sakaje popilasyon tigwavyèn nan depi plizyè semèn.

840


06 – 02 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon epidemi fyèv ap sakaje popilasyon tigwavyèn nan, lavil tankou andeyò, depi plizyè semèn.

Repòtè TRiboLAND ki te pale maten dimanch 02 jwen 2024 la, ak kèk malad ki trape fyèv la, yo deklare, yo pa konnen ki sen pou yo adrese devan epidemi fyèv fwison an kap maltrete popilasyon an. Yo esplike, lè fyè la pran yo, li bayo grip, doulè zo, li kase senti yo, aloske pa menm genyen doktè ak medikaman nan lopital yo pou bay malad swen ke sante yo nesesite.

Nan sans sa a, sitwayènn ak sitwayen yo mande Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pou voye ranfò ou medikaman dekàt nan lopital ou sant sante yo, kit lavil tankou nan mòn, yon fason pou amelyore soufrans popilasyon an anba epidemi fyèv sila a.

Comments are closed.