Fondasyon TRiboLAND nan Monben Kwochi: Yon latriye jèn benefisye pwemye jounen fòmasyon gratis sou dekorasyon ak arfloral

974

06 – 01 – 2024

Monben Kwochi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad pwoteje jènn ayisyen yo anba grif delenkans jivenil avèk enfliyans gang, Fondasyon TRiboLAND arive entwodwi premye jounen fòmasyon gratis sou dekorasyon avèk arfloral nan Monben Kwochi, depatman Nòdès peyi Dayiti. Kwochi, jodi samdi 1 jen 2024 la.

Tankou jan sa te pwevwa, byen bonè nan maten samdi premye jen an, yon latriye jèn komin Monben kwochi te deja sou pye yo nan lokal Lise Fortuné Audate la. Yon espas byen ayere e modènize, plis pase yon 60 jèn gason e fi demare premye jounen fòmasyon gratis yo anba direktiv fòmatè Adelis Adel Pierre ki reyèlman pase deprezantasyon nan domèn dekorasyon ak arfloral.

 Yon gwo sòlòkòtò aktivite ki te planfye anba lobedyans kòdonatè, Enj. Louendy Jean nan tèt kole ak komite Fondasyon TRiboLAND lan nan kanton an ki konpoze avèk:  Wilma Silienord, vis kòdonatè; Rose Lanca Joseph, secrete; e Garry Jean Ford, konseye.

Konsa, reyaksyon jèn yo pou jounen jodi a, pa sispann temwanye satisfaksyon yo, pou yon premye jou ki te chaje ak konsans tout kalite, yon etap ke PDG TRiboLAND la, Papa Loulou bay anpil pwiyorite.

Comments are closed.