Lapolis nan Kapital peyi Dayiti kraze 3 gwo koure kowalisyon gang “Viv Ansanm”, nan kad boukantaj kout zam.

940


05 – 28 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Lwès peyi Dayiti kontinye ap konte mò nan kan gang sangwen yo nan Pòtoprens. Nan kad yon operasyon Lapolis la mennen jounen madi 28 me 2024 la, yo rive kraze 3 gwo koure kowalisyon gang “Viv Ansanm” nan kad boukantaj kout zam.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, 3 gwo koure sa yo te gentan poze lapat sou yon trelè fab ke yo te kidnape nan zòn Ri Dèyè Kazèn, nan kapital la.

Comments are closed.