Jakmèl : Loray touye yon jenn gason lakay li nan Ravin Nòman

755


05 – 27 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Alliance Donald, se non yon jèn gason ki mouri jounen dimanch 26 me 2024 la, nan 1è seksyon Ravin Nòman nan komin Kay-Jakmèl. Daprè temwanyaj divès moun nan lokalite a, se ta loray ki touye jenn gason sila.

Alliance Donald tap dòmi nan moman loraj tap gwonde ak gwo kout zeklè nan kanton an; selon plizyè pwòch defen an, nan moman li tap dòmi an te gen yon telefòn Android sou vant li.

Comments are closed.