Komisè gouvènman bò kote tribinal Premyè Enstans Aken an nan tèt kole ak Lapolis fouke plizyè prezime kidnapè.

850


05 – 26 – 2024

Aken, Ayiti____(TRiboLAND) Komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Aken an, Mèt Exama Adrien nan tèt kole ak lapolis nan jiridiksyon an, mete anba kòd plizyè prezime kadnapè nan zòn Gran Rivyè, Senlwidisid, jounen dimanch 26 me 2024 la.

Dapwè yon videyo korespondan medya Machann Zen yo rann piblik sou kont Facebook yo, imaj yo montre pami kidnapè sila yo yon granmoun fanm.

Nan moman n’ap pale la, komisè gouvènman an pako bay twòp detay sou idantite prezime kidnapè yo, yon sitiyasyon korespondan TRiboLAND yo ap swiv ak anpil enterè.

Comments are closed.