Gro kout filè lapolis nan vil Okap-Ayisyen

838


05 – 26 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nò peyi Dayiti patikilyèman nan 2e vil peyi a mete anba kòd, yon prezime kidnapè ki pote non, Joseph Paulson alyas Sonson, jounen dimanch 26 me 2024 la.

Dapwè enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo jwenn bò kote kèk jounalis ki te sou plas, Joseph Paulson alyas Sonson ta ka patisipe nan kidnape yon minè ki pote non, Francilia Francimé, nan mwa fevriye ki sot pase a nan vil Sen-Mak.

Komisè minisipal polis Kap-ayisyen an, kòmandan Noël Mackenzy ki pap dòmi poze lapat sou prezime kriminèl la, nan moman li t’ap tante kite Ayiti pou rantre nan peyi Etazini nan kad pwogram prezidan ameriken an, Joe Biden.

Comments are closed.