Radio Marconi nan tèt kole ak TRiboLAND ap onore divès manman

854


05 – 25 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Dimanch 26 me 2024, Radio Marconi avèk konplisite Fondation TRiboLAND ap onore plizyè manman nan okazyon fèt manman yo. Yon veritab tradisyon nan peyi Dayiti, dènye dimanch mwa me se toujou yon jou ki konsakre pou onore e fete ak tout manman.

Toujou konsidere kòm veritab motè oubyen poto mitan fanmiy yo, manman yo se veritab ewo nan reyisit fanmiy yo. Pou pataje lanmou ak onore divès manman nan vil Pòdpè, jou dimanch fèt manman yo, Radio Marconi ak TRiboLAND ap onore divès manman soti 4è nan aprè midi pou rive 8è nan lannwit.

Nan yon peyi tankou Ayiti kote anpil fanmiy repoze sou do fanm, sa montre kijan sakrifis ak lanmou yo pa gen pri. Bòn fèt tout manman; kèlkeswa rich ou pòv! Aktivite sa reyisi gras ak sipò : Radio Marconi FM, Foundation TRiboLAND, Notre Dame Dépôt, CDSA.

Comments are closed.