Vyolans gang yo lage moun Gresye nan gwo penitans sou plas piblik Leyogàn lan

890


05 – 22- 2024

Leyogàn, Ayiti ___(TRiboLAND) Kouri kite lakay yo depi anviwon 10 jou, divès moun ki soti nan zòn Gresye akoz vyolans gang, ap pase gwo penitans sou plas piblik Leyogàn lan, ak lòt zòn kote yo pran refij yo.

Yon sitiyasyon ki rann plizyè dizèn moun ap viv yon vi inimen nan moman lapli ap tonbe la. Endinye fas ak yon parèy agoni jounen mèkredi 22 me a, Mouvman Pwen Final mande Leta koupyon an pran responsablite-l.

Aprè anviwon 10 jou, otorite lokal la pa arive bay dèyè’l 2 tap pou bay refijye lokal sa yo asistans tankou: kit alimantè, kit ijyenik, rad ak lòt atik divè. Responsab yo pa genyen ase mwayen lojistik pou reponn ak bezwen moun konpatriyòt, sitou avèk sezon siklonik lan kap rive nan kèk jou.

Kòdonatè Mouvman Pwen Final la, Ulysse Jean Chenet di yo toujou boude akoz pa gen yon bon plan kontenjans nan kolektivite yo, sitou Lewogàn ki gen gwo malè pandje sou tèt li. Nan lannwit 21 pou leve 22 me, moun yo konnen gwo difikilte akoz lapli ki te achte zònn plas piblik la lajan kontan.

Mouvman Pwen final lanse yon SOS ak Leta, òganizasyon lokal ak entènasyonal yo, ak tout lòt enstans ki kapab pou pote asistans bay moun sa yo kap viv yon moman nwa san parèy.

Comments are closed.