Otorite meteyolojik yo prevwa move tan sou Ayiti ak kèk divès lòt peyi nan Karayib la.

816


05 – 22 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Peyi Dayiti ak divès lòt peyi nan Karayib la tankou, Pòtoriko, Repiblik Dominikèn sou alèt move tan pou tout rès mwa Me 2024 a.

Pou Repiblik Dominikèn otorite yo anonse, genyen anviwon 13 vil ki sou alèt move tan an. Dapwè chif yo, 3 nan vil sa yo, sou alèt jonn e lòt 10 yo sou alèt vè.

N’ap raplew peryòd move tan sa ap pare pou pase Ayiti prèske nan menm moman ak sezon siklonik yo k’ap gen pou debite ofisyèlman nan dat premye jen k’ap vini la pou rive 30 novanm 2024 la.

Comments are closed.