Nòdwès : Pwoteksyon sivil drese yon bilan pasyèl aprè pasaj tònad komin Basen Ble a

32


05 – 21 – 2024

Basen Ble, Ayiti_____(TRiboLAND) Basen Ble konnen yon jounen konstènasyon ak panik jodi madi 21 me 2024 la, aprè pasaj yon tònad ki okazyone anpil gwo dega materyèl.

Daprè responsab pwoteksyon sivil yo nan Nòdwès peyi a, genyen 35 moun ki blese pami yo gen 5 ki nan sitiyasyon gravman grav. Plis pase yon santèn kay detwi nan lokalite Fon Papay ak Lasous.

Sitiyasyon an nan moman an, prezante yon kalm aparan alòske yon valè rezidan afekte yo anba gwo chòk tranble janm. Selon responsab pwoteksyon sivil yo, moun yo nan gwo bezwen asistans, espesyàlman nan kad abwi pwovizwa.

Comments are closed.