2 jenn gason pèdi lavi yo nan yon aktivite sou Zile Latòti

924


05 – 20 – 2024

Latòti, Ayiti _____(TRiboLAND) Jeff ensikoni ak Edouard Theock se non 2 jenn gason ki mouri nan lannwit samdi 18 pou leve dimanch 19 me 2024, aprè yon aktivite ki tap fèt nan okazyon fèt Drapo a, Wo Palmis, Latòti.

Edouard Theock


Daprè youn nan Ajan Egzekitif Entériné Zile a, Majistra Max Etienne, mesye yo mouri nan yon altèkasyon ki te genyen aprè pwogram nan.

Fouye zo nan kalalou, jis konnya sal nouvèl TRiboLAND poko jwenn oken detay nan bouch otorite lokal yo sou zak vyolans sila. Nap raple, Edouard Theock ki se youn nan viktim yo, se yon atis mizikal ki abitye pèfòme nan divès aktivite sou Zile Latòti. ‎

Comments are closed.