Leta bankal nan sa ki gen pou wè ak fèt drapo a nan site Kapwa Lamò a, men sa pa enpeche gen divès antite ki òganize aktivite nan okazyon 221è anivèsè drapo a

950


05 -18 – 2024

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Jounen 18 me 2024 la pa rete san mouvman nan vil Pòdpè ane sila, gras ak kèk antite ki ki ajite komin nan ak divès aktivite, anba je yon Leta koupyon e sangwen.

Nan yon ti bat bouch TRiboLAND te fè ak Direktè depatmantal Ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik la nan Nòdwès, Joseph Walkens di Leta pat gen anyen an pèspektiv, sa lakoz yo menm nan Direksyon depatmantal MJSAC la, yo pat ka ofwi absoliman anyen.

Antouka, anpil gwo aktivite kiltirèl tap byen pase sou Pak Kapwa Lamò a. Yon jounen aktivite ki te mete an evidans ekspozisyon divès pwodwi lakay, yon maryaj foutbòl ak jounen kreyòl nan okazyon fèt drapo a. Se te gran final premyè Edisyon Koup Drapo, ke Ekip Basen Ble a ranpòte sou Ekip FC Pòdpè (2 gòl a zewo). Avan match la te gen jounen kreyòl ki te prevwa an premye; akoz lapli sa pat rive fèt.

Tankou jan sa toujou fèt chak ane, sou lobedyans Mèt Ronel Gélin, “Pak Imakile” ke moun konnen sou non “Pak Gélin”, te gen aktivite ki reyini plis pase yon 15èn group majorèt ak Kòdonatè nan tèt kole ak “Collège Immaculé de Marie” ki reyisi yon bèl aktivite ki te reyini plizyè santèn moun.

Akote sa, FJMS reyalize 2è Edisyon Festi Drapo nan Lekòl Fatima nan chalè avèk anviwon 19 group majorèt, Chinigèz ak Kòdonatè. Finalman, CNDL pat rete endiferan egalman nan zafè komemorasyon 221è anivèsè drapo a pandan jounen 18 me 2024 la.

Comments are closed.