Polisye ki afekte nan SDPJ depatman Nò peyi Dayiti, fèmen pòt Pakè Kap-Ayisyen an.

921


05 – 16 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Ajan PNH yo fwape Pakè Kap-Ayisyen an yon lòt fwa ankò. Polisye ki afekte nan SDPJ depatman Nò peyi Dayiti, fèmen Pakè Kap-Ayisyen an jounen jedi 16 me 2024 la, pou egzije jistis pou frè zam yo ki te tonbe nan mwa pase yo.

Nan moman gwo mouvman leve kanpe sa, polisye yo pat ezite menm pandan yon segond mete Pakè a tèt anba pou mande chèf Pakè a, Me. Charles Durand, ki te dosye asasinay polisye Rémy Synce, ki se ansyen kòlèg travay yo fè chimenl.

Pwomèt y’ap kontinye veye sou popilasyon an, ajan polisye sa yo te tou anonse ak popilasyon an ke yo apèn demantle yon gang nan zòn plèn dinò, kote genyen plizyè malfwa ki tonbe san konte divès lòt ki blese.

Comments are closed.