Etazini deside sanksyone Repiblik Dominikèn pou vyolasyon ak move tretman dwa moun nan konpayi sik “Romana Santral”

1,198

11-23-2022

TRiboLAND____Yon gro kou ekonomik pou Repiblik dominikèn; peyi Etazini deside mete entèdiksyon enpòtasyon kagezon sik premanifaktire ak plizyè lòt ki abz sik ki soti nan Romana Santral nan peyi Repiblik Dominikèn, daprè sa yon jounal ameriken ki rele “New York Times” deklare.

Selon jounal la, dispozitif say o antre nan kad travay fòse ak absans dwa moun sou tèritwa panyòl la. Kidonk, jounal New York Times, refere li ak yon kominke pou Laprè ke komisè egzekitif annaprè Biwo komès ajans lan, AnnMarie R. Highsmith te mete deyò. “Manifakti tankou Romana Santral, ki pa respekte lwa nou yo, ap gen pou fè fas kare ak yon seri konsekans pandan ke nou eradike pratik ennimen nan chènn aprovizyonnman ameriken yo”, daprè komisè egzekitif annaprè a ki tap depoze.

Chajè kann ke yo itilize nan chan kann Santral Romana

Anrevanche, responsab Romana Santral yo nan Repiblik dominikèn pat pran tan pou te eksprime dezakò yo kont yon parèy kominike ki vize sanksyone yo. Yo estime ke desizyon sa, se yon sipriz ki fè yo desu anpil; alòske yo pase plizyè ane ap envèsti an gran panpan pou amelyore kondisyon anplwaye yo.

Endistri manifakti Romana Santral, ta voye pye kont yon parèy desizyon. Li deklare ke se yon seri done ki pa reflete vrè dispozitf sinifikatif ak tretman anplwaye yo nan konpayi an.

Nap raple, an tèm zafè biznis, Romana Santral prodwi prèske 400 mil tònn kout sik pou lane 2020-2021 an sèlman.

Comments are closed.