Plizyè òganizasyon nan sosyete sivil nan depatman nòdès foule beton an sou pon ki relye Wanament/Dajabon

1,431

11-22-2022

Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Jan plizyè enstans konsène sou dwa moun ak nan sosyete sivil la te anonse , divès òganizasyon òganize yon sitting jounen lendi 21 novanm lan, nan kad pote solidarite yo bay konpatriyòt ayisyen ilegal ke leta rasis dominiken ap depòte avèk vyolans.

Òganizasyon sosyete sivil la nan Wanament, melanje ak divès lòt sitwayen konsekan òganize yon sitting sou pon Wanament ak Dajabon lan. Group protestatè sa yo kap mande prezidan Luis Abinader pou respekte dwa tout moun genyen, pou di non ak fòm depòtasyon ilegal yo ak vyolasyon jeneralize kap tòchone dwa konpatriyòt ayisyen kap viv nan repiblik Dominikèn.

Yon sitiyasyon divès sitwayen kalifye de rasis ki bay yon posti Bashar Al Assad nan Karaib la, lè prezidan dominiken an ap krache sou sitiyasyon peyi Dayiti trouve l jounen jodia pou l penmpe lakay konpatriyòt ayisyen yo nan yon moman ki pi krisyàl; pa genyen plis ke kriminèl ke sa!

Pou kèk kritik, yo pa wè pou ki sa ayisyen ap mete kòb nan pòch repiblik dominikèn pou fatra ke yo ap prodwi lakay yo inikman pou nou; lòbèy ki tou anpwazone ak prodwi chimik kap touye ayisyen lantman. Raple nou salami matyè fekal ke yo te espedye anndan peyi Dayiti anba je prezidan, senatè, depite, dirijan politik sangwen, sa genyen kelke ane!

Gen lòt kritik ki kwè, si politisyen-chyen nou yo abitye pran lajan anba tab nan men yo yon fason pou voye pròp ayisyen ale, al fè travo fòse nan Batey pou anrichi endistri sik gro patron dominiken ak ameriken. Yo pa kapab respekte nou!

Konsa li klè, avèk politisyen chyen ke nou genyen kap vòlè e ki al sere lakay Abinader yo pandan nap jigole nan mizè nwa, yo fèk kare detèmine pou detwi nou nan nenpòt fason, patikilyèman nan sa nap achte ou konsome lakay yo.

Comments are closed.