Distribisyon gaz fèt nan komin Tigwav anba gwo van tansyon.

1,406

11-19-2023

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Distribisyon gaz fèt nan ponp Nasyonal la, anfas estasyon transpò a, nan vil TIGWAV jounen vandredi 18 novann 2022 a anba gwo van tansyon.

Sepandan chofè machin ak chofè moto pa mete dlo nan bouch yo pou denonse fason yo di ponpis yo prosede pou fè distribisyon gaz la. Se konsa, chofè yo fè konnen, se nan galon ak nan dwoum ponpis yo distribiye gaz la bay moun pa yo, alòske yo pa mèm genyen yon ti kè sansib pou yo kap soufri lontan; yo vle pou chofè yo toujou ap achete galon gaz la a 2 mil, 3mil goud.

Nan sans sa a, chofè yo nan Tigwav, mande tout chofè nan 4 kwen peyi a, pou leve kanpe kont gouvènmen defakto Ariel Henry a pou mete kle primati a anba pòt la, paske yo kwè avèk Ariel nan tèt yon parèy gouvènman, gaz pa janm disponib nan ponp yo jan sa te konn fèt avan ni pap janm genyen sekirite andan peyi a.

JOICY ARNOLD

Comments are closed.