Jij enstwiksyon nan Tribinal sivil premye enstans jiridiksyon Tigwav la, Me Arhentz Mars salye nominasyon Jean Joseph Lebrun nan Kou Kasasyon.

1,318

11-16-2022

Tigwav, Ayiti______(TRiboLAND)
Konseye Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen (ANAMAH) Me Arhentz Mars nan yon entèvyou ak laprès maten madi 15 novann 2022 a, salye nominasyon Jean Joseph Lebrun kòm prezidan nan tèt kou kasasyon nan Pòtoprèns.

Me Arhentz Mars, rekonèt se yon nominasyon ki enkonstitisyonèl paske daprè li, konstitisyon1987 amande a, trase pwosedi klè, fason pou yon moun brige pòs prezidan nan enstitisyon Kou Kasasyon, li esplike peyi a, nan yon sitiyasyon esepsyonèl, se yon gouvènman defakto kap dirije,e pa gen paleman. PM nan twouve li nan obligasyon pou l nome yon prezidan pou dirije enstitisyon an, yon fason pou evite li disfonksyonèl.

Manm direktwa ANAMAH a, Me Arhentz presize, chwa nominasyon Me Lebrun, ki fèt anba lobedyans chèf gouvènmen defakto Ariel Henry a, se pa yon gado, li esplike Me Lebrun se yon moun onèt, entèg, kalifye pou dyòb la, paske li genyen tout yon karyè nan sistèm majistrati a; li te jij nan tribinal sivil premye enstans pòtoprèns, li te dwayen, li te jij nan Kou Dapèl, li te prezidan Kou Dapèl epi jij nan Kou Kasasyon.

Nap siyale, Me Arhentz Mars genyen 18 lane nan sistèm nan, li se manb direktwa (ANAMAH) li fè 4 lane sipleyan jij  depè, 6 zan jij depè titilè, 7 lane kòm jij desyèj, pou kounye la a, lap okipe pòs jij enstwiksyon, li se profesè nan Inivèsite Leta, profesè nan Inivèsite prive Notre Dame Dayiti, li dekwoche 2 mastè,yon mastè 2 nan dwa administrative e yon lòt mastè 2 nan dwa dèzafè.

JOICY Arnold





Comments are closed.