TIGWAV,yon lòt jounen manifestasyon anonse pou jodi lendi a.

1,456

lindi 14 novanm 2022


TIGWAV, AYITI ___(TRiboLAND) Nouvèl ekip mobilizasyon Tigwav la, anonse yon lòt jounen manifestasyon pou jodi lindi 14 novanm 2022 a, nan lide pou kontinye egzije demisyon chèf gouvènmen defakto Ariel HENRY a, nan tèt Primati a.

Antouka sòlòkòtò sansibilizasyon sa yo antre nan kad dezaprouve pèfòmans -0 iresponsab lidè PHTK ki pa kanpe sou anyen si non ke anvlime: lavi chè ,grangou, mizè tout kalite, dola a kap toupizi goud la, blackout, ensekirite, kidnapping san sispann ponn kòripsyon elatriye….

Dirijan yo ki deklare, yap pwofite okazyon sa a ,pou yo salye memwa sekretè jeneral RDNP a Erick JEAN BAPTISTE ki te tonbe anba bal bandi nan Laboul 12 nan dat vandredi swa 28 oktòb 2022 pase a.

Nap siyale, fineray sekretè jeneral RDNP a, Erick JEAN BAPTISTE ap chante jodi lindi 14 novanm 2022 a, nan legliz Katolik Senpyè vè 9:30 maten an.

JOICY. Arnold

Comments are closed.