Enstalasyon yon nouvo komisè polis nan tèt komisarya Santral Tigwav la.

1,353

Samdi 12 novann 2022

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Pierre Bellamy Samdi, se non yon nouvo komisè polis ki enstale nan tèt komisarya Santral Tigwav la jodi samdi 12 novanm 2022 a. Se komisè prensipal la, Altis Max Vital ki te pwosede ak seremoni enstalasyon nouvo komisè a, an prezans plizyè polisye ak kèk manb laprès.

Komisè tou nèf la, ranplase ansyen komisè GILLES Jean Gary ki li menm transfere nan komisarya komin Kafou.

Nouvo komisè a, Pierre Bellamy Samdi, nan diskou sikonstans lan, fè konnen travay li yo pral chita sou plizyè aspè tankou: pwoksimite, sèvis pou tout moun san paspouki, konbat ensekirite, entansifye patwouy, e respè dwa tout moun.

 Samdi ale pi lwen pou li aksantye sou disponiblite ke lap dispose pou tout moun nan kominote a,
pandan l solisite kolaborasyon popilasyon an yon fason pou rann travay la vinn pi efikas.

Nap raple, Pierre Bellamy Samdi te Enspektè Prensipal nan sou komisarya Vyalè,1è seksyon nan lane 2005 – 2009, tout swit aprè li rantre nan komisarya Santral Tigwav la kòm komisè adjwen CM Bauzil Lonchamps; li presize se yon jiridiksyon li konnen trè byen.

Komisè Pierre Bellamy Samdi, pa manke mo pou remèsye Bondye pou pwoteksyon li ba li pandan 27 lane lap bay sèvis li nan enstitisyon la polis la.

JOICY Arnold

Comments are closed.