Responsab lòd demokratik la Me Magnekel Régulus kondane zak brigandaj ki fèt nan Kodevi a

1,322

10-03-2022

Me Magnekel Régulus kondane zak kraze brize ki fèt sou konpayi devlòpman endistriyèl Wanament lan jou 29 septanm nan.

“Nou kondane ak tout fòs nou zak brigandaj ki pase KODEVI yè kote yon movèz konpreyansyon ak enkapasite nou poun antann nou antanke moun pral lakoz plizyè ouvriye viktim sou pon ki bay sou rantre pwensipal konpayi a. Ensidan sa, dwe yon lòt fwa atire atansyon otorite yo dekonsè ak KODEVI sou nesesite pou non sèlman refè Pon an ki pa tèlman anfòm, men tou, fè yon dezyèm Pon kote moun k’ap rantre pa rankontre ak moun k’ap soti pou evite tip de ensidan sa yo ki ka yon bon maten mete dlo nan je tout yon fanmi. Pa bliye se anviwon 15 a 20,000 manman, papa, jèn fanm ak jèn gason ki rantre e soti chak jou sou Pon sa ki malerezman san lajè e se pou sa n’ap envite otorite yo dekonsè ak KODEVI prese prese konstywi yon nouvo pon k’ap sèvi sèlman pou soti pandan sak deja la a ap itilize pou rantre paske vi chak grenn ouvriye konte.

Yon lòt kote, tout moun nan peyi a konn nivo angajman nou nan sa ki gen pou wè ak defann dwa moun k’ap travay nan faktori e sa rann nou parèt kòm yon bèt nwa pou tout patwon faktori ki pa deside respekte kòd travay la. Men tou, nou pap janm kosyone piyaj ak dechoukaj kèlkeswa biznis paskem kwè ke Leta a dwe garanti sa nou rele sekirite denvestisman e sesa ki fè nou kondane ak tout fòs nou zak kraze brize e piyaj ki fèt nan KODEVI yè Jedi 29 septanm 2022 a.

Sa ki pase yè a, anpil moun plis vle bal oryantasyon politik pou petèt pwofite regle pwoblèm yo ak yon otorite. Se nòmal, politik gen sa. Men nou menm, se danje ki plane sou tèt kominote a ki enkyete nou lèn aprann pandan zak piyaj la yo pote ale plizyè zam gwo kalib.
ta ka fè nou evite sak pase a).

Men sa ki pi enpòtan nan moman an la, sèke nou dwe inisye jodia menm yon kanpay de sansibilizasyon e kreye yon koulwa pou moun ki te pran zam yo remèt yo, annatandan ke Lapolis pran tout mezi pou chèche kou Chen fou moun ki pata vle remèt yo paske si nou pa aji poun rekipere zam sa yo jodia, y’ap tounen kont lavi nou demen. Kesyon sa dwe konsène tout moun poun evite Wanament tounen Pòtoprens. N’ap adrese nou ak tout moun ki konsyan e avize yo, poun di yo tanpri souple, ann pa kite se opinyon majorite a ou opinyon foul la ki mennen ou gide nou, paske si nou fè silans jodia, si nou pa aji jodia pou zam sa yo retounen kote yo te soti, mwen garanti nou zam sa yo ka fè nou kriye demen. Se pa lè pou n’ap politize anyen, ap gen tan aprè poun regle kesyon politik, men sak pi enpòtan jodia se aji ansanm kont ogmantasyon zam ilegal Wanament e konsa w’ap pwoteje viw, vi fanmiw ak vi konpatriyòt ou ke zam sa yo ka detywi demen.

Donk, N’ap ankouraje tout moun ki ta genyen yon zam kew ta soti avèk li nan zak piyaj la, tanpri souple remèt li. Saka rive ke ou ka pè, men m’ap pran angajman sa sou dom menm si li ka lou pou mwen, nou ka ekrim ou relem nan 4321-5041 poun kreye yon koulwa ansanm pouw remèt li paskem konn ki dega zam ka fè nan kominote a demen.

Viv Ayiti
Viv Depatman Nòdès
Viv Wanament

Magnekell RÉGULUS
Sitwayen Angage

Comments are closed.