Direksyon Lopital Sakrekè Milo anonse lap fèmen pòt li si rate gaz la kontinye

1,337

10-03-2022

Milot, Ayiti __(TRiboLAND) Direksyon Lopital Sakrekè Milo a, nan yon nòt pou laprès li lage deyò, anonse popilasyon an posiblite pou yo fèmen pòt yo si gaz la toujou difisil pou yo jwenn pou fonksyone lopital la.

Toujou nan nòt la, yo anonse depi plis pase 3 mwa founisè yo a paka founi yo gaz, sa lakoz yo itilize tout ti rezèv yo, yo rive nan moman yo paka reziste ankò.

Fas ak sitiyasyon sa a, direksyon an lanse yon ‘rele sekou” ak otorite konsène yo, ak sitwayen ki gen volonte pou ede yo jwenn gaz la pou sèvi popilasyon an, direksyon an fè konnen si anyen pa fèt yap oblije fèmen pòt yo menm jan anpil kote ap fè sa.

Nap raple Lopital Sakre kè Milo a sèvi egalman Gran Nò a.

Jn Simon Manex

Comments are closed.