Senlwidinò /Edikasyon: ouvèti lekòl la enposib pou demen lendi 3 oktòb 2022 a

1,199

10-02-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Antre lekòl pa posib pou paran yo kap viv nan seksyon kominal yo selon kazèk Anold Gustave ak Jn Baptiste Jean Robert.

Paran yo mete timoun lekòl, sou ti debouye yo fè chak jou. Yo sot pase yon move ane kote bandi dechèpiye tout sa yo te genyen mete sou kriz gaz la ki paralize tout aktivite ekonomik yo. Direktè yo ka toujou vin ouvè pòt yo men elèv pap ka vini, daprè yon seri reflksyon kap degaje nan mitan divès kominote.

Pou lokalite Janklè legliz kòmanse fonksyone, lekòl la fè enkripsyon, yo netwaye dispansè a. Nou kap di lavi ta sanble vle rekòmanse ankò nan seksyon an.

Daprè kazèk yo, malgre preparasyon yo fè pou wè si lekòl ka ouvri, men yo pa wè kote paran yo ap pase pou reponn ak egzijans lekòl la mande a. Kidonk, leta pa gen lekòl nan seksyon kominal yo, se sektè prive a ki kreye pwòp biznis yo pou fè fòtin yo nan avantaj yo.

Yon sitiyasyon ki mande yon atansyon espesyal pou reponn ak bezwen peyizan nan zòn ki reyèlman defavorize ou vilnerab yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.