Mouvman Sitwayen pou yon Nouvèl Altènativ Gaya deplore ensidan ki pase nan Pak Endistriyèl Kodevi a

1,314

10-02-2022

Wanament Ayiti __(TRiboLAND) Nan yon nòt pou laprès ke li mete deyò,  MSNAG kondane ensidan ki pase nan Pak Endistriyèl Kodevi a jou 29 septanm 2022 a.

Selon nòt pou laprès la, “Mouvman Sitwayen pou yon Nouvèl Altènativ Gaya deplore ensidan ki rive kodevi a jounen 30 septanm 2022 a, ki enplike deblosaj ant majistra Luma Demetruis ak ouvriye yo nan moman yo tap sòti pou al manje Kodevi.

Sekirite yo pale avèk li pou l te kanpe tann ouvriye yo fin soti pou te evite blokis sou pon an, majistra a ki te konplètman refize fè sa. Okontrè daprè ouvriye ki te sou pon an, yo fè konnen vit machin majistra a te desann li monte l epi lap distrè l nan telefòn li pandan lap fòse antre sou ouvriye yo. Nan fonse rantre sou ouvriye yo sa pye ta kase ak senti bloke ak yon pakèt lòt ki endispoze. Konsa, se te panik ak kout san!

Sitiyasyon sila ta soulve kòlè lòt ouvriye (éz) yo paske yo tap viv frè ak sè yo ki te nan gwo difikilte, ap trennen atè pou menmen nan klinik pandan ke anbilans konpayi a pat disponib, daprè sa yon sous konfye TRiboLAND. Sant sante Kodevi a pat kapab pran moun ankò.

Lè ouvriye yo te kòmanse soulve kòlè yo, responsab kodevi yo te rele militè dominiken pou tire anpil gaz lakrimojèn ak bal reyèl sou ouvriye yo. Se yon aksy MSNAG kondane ak tout fòs li se yon avilisman pou peyi a

Pou otantifikasyon yon parèy nòt ou jwen: Josaphat Antoineus Guillaume, Auguste Jodel, Frantz Sylvestre ak Jean Baptiste Nicolo.

Comments are closed.