Me kisa TRiboLAND konnen sou lanmò Michel Oreste Thervil,  yon gro komèsan progresis nan Pòdpè

1,538
  • Michel Oreste Thervil alyas “Oreste Jean Baptiste”, se yon pitit zantray Nòdwès: yon komèsan ou antreprenè progresis reyisi e enpekab ki te toujou pran akè sityasyon moun nan Nòdwès.
  • Oreste Jean Baptiste mouri maten an vè 9:35 am nan Lopital Beraka, nan Lapwent Dèpalmis, depatman Nòdwès. Li mouri anba vyeyès e li te genyen 91 lane.
  • Oreste te toujou ap miltipliye efò pou dote vil Pòdpè de yon visaj modèn e yon eksplozyon ekonomik san parèy.
  • Oreste leve tèt yon pakèt lòt komèsan nan vil Pòdpè, ba yo men e ede yo pran jarèt ekonomikman san egoyism.
  • Anpil malere ki abitye bwase te toujou rele’l “Papa Bon Kè”.
  • Antreprenè a te toujou genyen gro vizyon ou yon rèv pou Nòdwès, ki se te transfòme Nòdwès kòm yon “Ti Miami”.
  • Yon seri polistisyen sankoutcha, demode, anti-chanjman e rabi te toujou vle kanpe ankwà kont yon seri efò progresis ki rann yo enkonfòtab politikman.
  • Oreste te jwen kontrent bò kote yon seri enstans etatik pou pa pran yon seri inisyativ. Okontrè, yo te profite egzije li yon seri potorik taks ki te dekouraje li vanse ak yon seri projè tankou asfataj kèk milye nan vil Pòdpè.
  • Oreste te pase anpil nan tan li kòm propriyetè yon seri gro bato ki tap fasilite transpòtasyon ou antre tout kalite machandiz nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè.
  • Yon seri gro desizyon antreprenè a te toujou pran, te toujou konekte ak bezwen Nòdwès.
  • Se yon modèl komèsan ki te parèt enpekab nan Nòdwès peyi a.
  • Antreprenè Oreste te mete soupye te mete sou pye divès Sant komèsyàl nan Site Kapwà Lamò a; pami yo ou jwen “Supriz” ak “Nèg Gola” (Atik Demele.)
  • Se youn nan moun ki te entrodwi yon latriye bagay modèn nan vil Pòdpè, tankou magazen avèk pòt otomatik sistèm.
  • Se tout yon pepinyè biznis “Ti Machann” Oreste te toujou ap bay demele yon fason pou yo kapab suviv.
  • Li difisil pou moun enumere ki kantite jèn ke Oreste te toujou ap supòte nan nivo frè skolarite.
  • Oreste, se yon gro moso ki te konstitye yon poumon ekonomik pou Nòdwès.
  • Disparisyon yon parèy mapou ekonomik, anfale yon bò nan vi ekonomik yon latriye fanmiy pòdepèsyèn.
  • Oreste, ap toujou nan memwà moun Nòdwès. Li te toujou chak epòk Nwèl dote vil la yon seri dekorasyon atraktiv ki te tèt koupe ak tout sa moun te kapab wè nan yon vil modèn.
  • Se gras ak yon seri enfwastrikti rekòmande ki enstale nan warf prive Oreste ki fasilite regilasyon ou otorizasyon operasyonèl Pò Pòdpè a.
  • Firay Oreste ap genyen pou li anonse avan lontan.
  • Nen pran kou, je kouri dlo. Anpil moun sou chòk lè yo aprann maten an lanmò Oreste nan Lapwent Dèpalmis.
  • Se yon veritab “KOU” pou tout popilasyon nòdesyènn nan ki te wè nan vizyon ak filozofi imanis Michel Oreste Thervil, yon semans espwà pou yon Nòdwès komèsyalize ou modènize.
  • Ke nanm Oreste repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.