TOUT DISPOZISYON DEJA FIN PRAN POU LEKÒL LA LOUVRI NAN DEPATMAN NÒDÈS LA

1,345

Direktè depatmantal edikasyon Nòdès la, Joseph Edgard Dumay ki tap patisipe nan Jounal Express 7è mèkredi 28 Septanm 2022 a sou antèn radio Canarie FM, fè konnen direksyon levasyon Nòdès la deja fin pran tout disponizyon ki nesesè pou lekòl la louvri 3 oktòb 2022 kap vini la a, si tout fwa lari a pa cho ou bloke.

Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Direktè depatmantal edikasyon Nòdès la, Joseph Edgard Dumay mande tout direktè lekòl yo nan depatman an pou yo pran tout dispozisyon adekwàt pou yo resevwa timoun yo demen lendi 3 oktòb 2022 an sitou fwa lari a pa cho oubyen bloke.
“Timoun yo se avni peyi a, nou sipoze fòme yo, bay yo bonjan edikasyon paske yo se timoun jodi, granmoun demen.” se sou fraz sa a profesè Syans Sosyal la ankouraje paran yo pou voye timoun yo lekòl; pa kite yo chita lakay.

Mèt Dumay profite fè konnen direksyon depatmantal la anrejistre twa (3) lekòl popilasyon an te piye 16 septanm pase a, e direksyon levasyon Nòdès la deja fè plizyè seyans travay ak direktè lekòl sa yo, yon fason pou ministè a kapab akonpanye lekòl viktim yo.

Nan sa ki gen pou wè ak dosye siveyan, sipèvizè epi korektè nan dènye egzamen ofisyèl yo ki poko touche a, mèt Dumay fè konnen kòb la deja sou kont direksyon edikasyon Nòdès la, se distribisyon an yo rete pou yo fè, yon fason pou finans kapab bay moun yo chèk yo kòm sa dwa e sa ap fèt nan moman lekòl la ap dewoule.

Direktè Joseph Edgard Dumay profite egalman adrese l ak tout profesè kap touche epi ki pa janm mete pye nan sal klas yo, li deklare ” Kòlèg profesè mwen yo se pou nou ale nan sal klas yo, paske si nou prezan, elèv yo ap genyen plis travay pou yo fè, konsa to delenkans jivenil la ak banditism la va diminye nan peyi a.”
Direktè depatmantal edikasyon Nòdès la fini pou l mande moun ki nan lari a, tanpri bay timoun yo aksè pou yo ale resevwa pen enstriksyon an paske lekòl pa ka tann.

Nap fè remake, malgre jan sitiyasyon peyi a ye nan dènye jou sa yo jiska minit sa nap pale a MENFP toujou kenbe dat 3 Oktòb la pou reouvèti lekòl la atravè peyi a.

Jn Simon Manex

Comments are closed.