Senlwidinò: Fèt patwonal Senterèz delanfan Jezi, pawas Gaspa fete an gran panpan.

897

01/10/ 2022

Senlwidinò , Ayiti___(TRiboLAND) Fèt patwonal Senterèz delanfan Jezi nan pawas Gaspa 4èm seksyon Rivyèdèba, komin Senlwidinò fete angran jan jodi samdi premye oktòk 2022 a. Yon seremoni kite dewoule an prezans otorite lokal yo ak 5 pè ki soti nan plizyè pawas nan depatman Nòdwès la.

Reveran pè Eners Désélhomme nan womeli sikonstans lan, envite pèp Bondye a pou yo viv nan imilite ak senplisite. Levanjil la fè konprann kilès Jezikri ye. Li kontinye di yo chanje konpòtman yo. Se pou yo vin kon yon timoun piti. Se pou yo rabese tèt yo devan Bonye paske moun ki mete konfyans yo nan Bondye jwenn anpil avantaj tankou yon manman kap karese pitit li.

Li enpòtan pou sinyale, se depi plizyè ane pawas Gaspa te yon veritab basyon bandi. Tout moun te oblije abandone akoz bandi san fwa ni lwa ki tap teworize popilashon an, pran tout jaden yo ak ti zannimo moun yo te pwosede. Men gras ak rezistans fawouch yon gwoup moun nan seksyon ak mouvman dechouke bandi; anpil gwo bawon tonbe e popilasyon an repran aktivite yo.

Se nan dat 28 me pase a Monsenyè Charles Peters Barthélus te deside voye pè Julio Honoré pou akonpanye pèp Bondye a. Ebyen se avèk anpil etonman pou wè kòman fidèl katolik yo remen lakay yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.