Pòdpè : Yon lòt gro tonton inyèm bandi sangwen tonbe anba kout zam Lapolis

1,677

09-29-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TriboLAND) Yon inyèm bandi tonbe anba bal Lapolis jodi jedi 29 septanm 2022 a vè midi nan vil Pòdpè. Mackenson Petit alyas “Mòl” ensikoni, se non yon prezime bandi ki fè pati group gang “Èfòs Klan”, yon ki te toujou bay anpil moun nan kèk lokalite laperèz.

Group gang “Èfòs Klan” baze nan zòn riyèl Lasent ak Demelis, nan site Kapwà Lamò a. Sa fè lontan Lapolis tap chèche Mòl, finalman, bakòp UDMO san pòt la ki lage koukouwouj dèyè bandi kontre ak li bab pou bab nan zòn kote wonpwen an te ye a. Pandan lap chape pou-l li, pou antre nan baz li, li resevwa plizyè pwojektil e li mòtèlman blese.

Anpil moun di li te lè li te tan, yo bat bravo ak kontantman pou jan operasyon Lapopo yok ap byen pase nan vil Pòdpè; yo rete kwè sa pap pran lontan, mouvman gang ap fini pa derasine nan rejyon an. Tap sanble se chak semen lapopo arive flite yon chèf gang nan kapital Nòdwès la, Pòdpè.

Comments are closed.