Ensandi Senlwidinò : yon mini bis boule kankannen sou parking otèl “Toi et Moi”.

1,119

09-29-2022

Senlwidinò, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon mini bis ki se pwopriyete “Corps de Christ” mòg prive, boule kankannen anba paking otèl “Toi et Moi” jodi jedi 29 septanm 2022 an.

Selon kèk temwen, se 2 timoun ki tap jwe ak yon chabon dife ki voye dife andedan ti bis la ki lakoz li boule kankannen. Konsa, otèl la te riske pase anba flanm.

Se gras ak ladrès anpil vwazinay ki bwote dlo lanmè nan bokit pou etèn dife a, ki fè otèl la pa pou kankannen.

Pierrilien Nicol Colly



Comments are closed.