Yon ti koze anplis : Mwen oblije koze tanzantan olye m pran nan pwovokasyon.

1,153

Nou te toujou konn tande gaz ap sezi, otorite desann nan lari pran gaz, separe gaz, gaz gaz gaz epi se fini. Blakawout total, anpil moun jere tèt yo san bri san kont.

Jodi a, Komisè Alangue Valbrun gaye Wonn nan gen plenyen. Kisa komisè Alangue Valbrun fè ki fè li merite sakrifye? Li senpleman rale yon lwa sou mache nwa ki se “Lwa 20 desanm 1946”.

Sou baz lwa sa a:
1- gen sezi ki fèt an prezans jij de pè
2- arestasyon fèt
3- nou trennen moun ki enplike yo tribinal pou jije
4- ministè piblik la mande pou tribinal la konfiske gaz e pou DGI vann gaz konfiske a pou trezò piblik.

Tribinal fè dwa ak demand ministè piblik la. Yon jijman pwononse! Komisè Alangue te swete wè gaz sa a kapab vann Pòdepè, men pou l vann Pòdepè fòk se ponp ki achte l. 3 ponp ki Pòdpè yo e ki legal pou achte gaz la deklare DGI ke yo pap achte gaz la. konsa, gen 2 ponp ki enterese achte l: yon ponp nan Senlwidinò ak yon ponp nan Janrabèl.

DGI pat ka vann ponp Senlwi a gaz la paske se nan ponp sa a menm gaz la te sezi, pandan gaz la tap kite ponp nòmal la pou al vide nan yon ponp sovaj (depo).

Se konsa gaz la vann ak yon ponp nan Janrabèl. Yon chèk direksyon fèt a lòd DGI ki soti nan SOGEBANK. Pou yon montan 1350.000 goud.

Sa sa vle di kòm repons, genyen yon bagay kap chanje! E si sa fè kè popilasyon an kontan; men sa deranje yon ti zwit minorite ki te konn benefisye “gaz sezi” yo oubyen ki te gen ti chèk yo tanzantan nan rakèt ponp sovaj yo.

Ki objectif batay la?

Se wè gaz la ap vann nan ponp alèz kòm blèz ak pri ki fikse pou l vann kote moto machin, ak biznis jwenn gaz san redi. Kòm komisè, map kontinye kenbe tòj majistra m nan klè kon kleroz, sanchifonnen e san ti gout tach; mwen pap janm pran wout dekoupe pou fè bè e ADN mwen pa danse kole ak zak labou kòwipsyon. Fèm konfyans!

Komisè Alangue Valbrun, Vil Pòdpè

Comments are closed.