Dràm ou kriz imanitè : 4 lòt prizonye mouri nan prizon sivil Ti Gwàv la

1,385

09-28-2022

Pandan kriz imanitè a ap vale teren atravè tout repiblik la, pandan CORE Groupe, L’ONU ou BINUH ak tout yon seri pwisans kolonyalis, fo zanmi pa sispann fè dega, jwèt marèl, dilatwà e mete Ayiti ajenou, pandan yon seri politisyen ayisyen malad mantal ki mete la repiblik nan eta sa e ki genyen san pèp la ak richès pèp la nan men yo kontinye ap pozisyone yo pou gato, prizon sivil Ti Gwàv la resanse pou yon inyèm fwa 4 lòt kadav prizonye, daprè yon sous otorize nan komin Ti Gwàv.

Konsa, imaj yok ap paweze sou tout rezo sosyàl yo bay anpil repinyans ak malmakak. Yon seri prizonye eskelèt etale atè ki rann dènye sou pi yo akoz kondisyon enfwa imèn nan sant kaserasyon an ki pa diferan de tout lòt prizon atravè yon peyi ki ajenou fas ak yon kris imanitè feròs.

Kritik yo atribye koz lanmò prizonye yo a malnitrisyon, prizon suchaje, privasyon alimantè sitou nan moman “Peyi Lock” la, daprè kèk sou medyatik. Enfo yo fè eta de endisponiblite jij depè pou fè konsta legal yon mò nan jounen lendi 26 septanm nan, lakoz prizon an anvayi ak dekonpozisyon kadav la.

Swadizan demach yon seri otorite, pa arive ateri. Se yon veritab dràm pou yon sosyete inosan ki alagoni anba men yon seri dirijan dwoge ou malad mantal ki mete ak lòt antite kolonyalis entènasyonal kriminèl pou ekstèmine nasyon ayisyèn nan a nenpòt ki pri.

Antouka, prizonye pa sispan mouri malnitrisyon anndan prizon yo, alòske direksyon otorite kaseral yo pa sispann pran wout lapwès pou pase chifon ou makiye yon seri eskandal tankou evazyon, abi, tòti ak mòtalite sispèk nan objektif pou yo defann djòb yo ki anba grif yo depi dig dantan.

Pou fini, sa pa gen lontan yon group moun nan vil Pòdpè tap eseye pati pou lamizè, jwen arestasyon yo sou baz planifikasyon vwayaj kontrebann. Yo arive pase 7 jou nan prizon. Jan yo te antre a, se pa konsa yo soti. Nan peryòd sa, yo pase 7 jou san manje, san ti gout dlo, dòmi atè nan siman e sa ki pi rèd yo anba obligasyon pou ale jete matyè fekal lòt ansyen prizonye chak maten.

Lè yo resi relache malere yo, bouton ak gal tout kalite te deja kouvri tout kò yo. Alòske me eta yon seri prizon simityè ki kontinye genyen yon seri direktè prizon konplis, kriminèl ki an misyon espesyàl e kap touche lajan popilasyon an bandan dig dantan.

Enel Richard, Pòtopwens

Comments are closed.